Janus

Tranzisyon, pasaj, osinon papòt kay…Non an se yon senbòl li ye.  Nan tan lontan, ansyen yo te reprezantel ak yon imaj ki gen de tèt.  Youn ap gade pase epi lòt la ap gade avni. Lèw kanpe nan yon papòt kay, ou nan yon tranzisyon.  Sa vle di ou gen yon kote ou soti e ou gen yon kotew vle ale.  Tout kanpew kanpe a, ou poko chwazi si wap pase pòt la oubyen siw pap pasel, se sa menm ki rele tranzisyon an. E se lèw fin balanse pou konn kisa wap fè, se sa menm ki pral fèw avanse.

Nan lavi, gen yon kote kanmenm wap rive e sa konn rive kew ateri sou plizyè plato.  Se yon moman kote tout bagay poze, ou gen kontròl tout zafèw e lavi a ap kontinye.  Kew vlel, kew pa vlel, pi devan wap rive nan yon kafou.  Gen yon pasaj tankou yon papòt  ki pral mandew èske wi ou non ou vle franchil.  Sa ka rivew jwenn plizyè papòt konsa ki konn kanpe ap tan ou.  Ki va desizyonw lè sa a?

choices-decision-doors-277615

Chanjman pa janm fasil, kit se pou yon bon bagay osinon yon move bagay.  Chak bagay gen bon ak move kote yo.  E se sa ki bay lavi a sans li menm.  Dèfwa li konn anmèdan, men se yon bon fason pou aprann e se konsa wap vin gen eksperyans. Konsa, lèw rive devan yon kafou 4 chimen, wap pozew pou konn kisa pou fè.  Men sonje, tren lavi a pap kanpe.  Kit ou chwazi, kit ou pa chwazi, tren an ap kontinye rout li.

Menm siw ta febli nan moman kote bagay yo rèd, e sa konn rive kote yon chwa konn pi rèd pou fè pase yon lòt, se yon chwa li ye tou.  Ret kanpe pa regle anyen, se yon chwa. E sa enpòtan pou nou pa janm bliye sa.  Pou defann tè nou, sa ka rive nou di “a! M pap fè anyen!” Se vrew pa regle anyen, men sonje sa, se yon chwa li ye tou.

Nan fizik kantik, save yo renmen di e yo renmen admèt ke chwazi obsève yon fenomèn sanw pa ni di ni fè anyen, li chanje fenomèn lan kareman.  Epi chak segond kap pase nan lavi nou, e menm lanmò nou kote nou ka di ke kò vin plis pa ka regle anyen ankò, tout se rezilta ki fèt.  E sa gen yon konsekans sou tout bagay.  Egzistans, se pase de pòt an pòt, trase pwòp chimenw, afronte tout vye baryè, monte miray paw, kite yon bon legzanp, epi viv.

 

Advertisement

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.